Temwen fè konnen plizyè eksplozyon frape kapital Libi a, Tripoli nan moman l’Otan kontinye ap mete presyon sou lidè libyen an, Moammar Kadhafi.
Temwen yo di yo te wè lafimen k ap soti nan zòn palé msye Kadhafi a aprè eksplozyon yo.
Efò diplomatik yo ap kontinye aloske yon anvwaye Prezidan ris la, Dmitry Medvedev ,te prepare pou l rankontre avèk manm Konsèy Nasyonal Tranzisyon rebèl la nan vil Benghazi nan lès peyi a.
Ministè afè etranjè chinwa a di youn nan diplomat li yo ki baze ann Ejipt te fè kèk chita-tande sa pa gen lontan avek gwoup rebèl la.
Ministè a fè konnen nan yon deklarasyon ke minis afè etranjè Libi a ap fè yon vizit 3 jou nan Peken, men li pa ofri okèn detay sou vwayaj la.