Dapre nouvèl ki sòti nan katye jeneral Oganizasyon Nasyon Zini, nan New York, Asanble Jeneral la adopte yon rezolisyon, jedi 13 jiyè 2017 la, pou l transfere lajan ki ta dwe rete nan kòb ki te pou sèvi pou finansman operasyon Misyon Nasyon Zini pou Stabilizasyon Ayiti (MINUSTAH). Ebyen Rezolisyon l ONU an transfere lajan sa a sou fon ki la pou konbat epidemi kolera nan peyi a.
Misyon MINUSTAH (ki pase 13 zan ann Ayiti) pral pran fen nan mwa doktob kap vini la a, e Sekretè Jeneral la,Antonio Guterres, fè konnen, apre depa twoup l ONU yo, gen 40 milyon 500 mil dola ki pral rete.
Misye Guterres fè konnen li pral bay peyi ki fè pati MINUSTAH yo 60 jou pou yo fè li konnen si yo dakò pou li fè transfè sa a. Anbasadè adjwen Lèzetazini nan Nasyon Zini an, Madam Michele Sison, dekalre Washington pa pral pote kontribisyon li nan lajan sa a, e diplomat la ensiste sou le fèt ke Lèzetazini deja bay 100 milyon dola pou ede Ayiti konbat Kolera.
Nouvel la raple Prezidan Donald Trump te pase lòd bay administrasyon li an pou yo koupe sou lajan Lèzetazini abitye bay Nasyon Zini pou misyon mentyen lapè li yo nan lemond.