Accessibility links

Breaking News

LONU Renouvle Manda MINUSTAH


Nan yon kominike anbasadè ameriken nan Nasyonzini , Susan Rice, pibliye , li fè konnen konsèy sekirite LONU an renouvle jedi 14 oktòb 2010 la manda MINUSTAH ( Misyon Nasyonzini Pou Estabilizasyon Ayiti) pou yon lòt ane ankò.

Kominike a di MINUSTAH enpòtan anpil pou lapè ak estabilite ann Ayiti. Peyi a ap pase yon ane difisil, e MINUSTAH ap travay san pran souf nan efò rekonstrIksyon Ayiti a, e li pote yon asistans Imanitè jenerez bay komInote ki nan bezwen yo.

Anbasadè Rice bat bravo pou travay reprezantan espesyal Sekretè Jeneral LONU, Edmond Mullet ap fè, ansanm ak tout pèsonèl Misyon Estabilizasyon Nasyonzni an ki sou teren an pou travay ekstraòdinè y ap fè nan kondisyon difisil.

Lèzetazini apiye nouvo manda MINUSTAH, e li gen rekonesans anvè enstans LONU an pou efò l ap deplwaye ann Ayiti.

Pou sak konsène enpak imen ak enpak ekonomik, se pi gwo dezass natirèl yo anrejistre nan emisfè oksidantal la.

Difikilte li kreye pou pèp ayisyen an ak pou operasyon gouvènman an, se yon bagay moun pat kapab imajine anvan sa.

Lèzétazuni dekese yon asistans ki depase yon milya 140 milyon dola bay Ayiti depi tranblemanntè a te frape l, kote li distribye vaksen kont maladi kontajye ak plis pase 800 mil moustikè.

Ajans ameriken pou devlopman entènasyonal la, USAID, fè yon distribisyon alimantè sible bay yon milyon 900 mil ayisyen vilnerab, pami yo timoun ki gen laj pou yal lekòl ak granmoun aje.

Bo kote pa l, komisyon enterimè pou rekonstriksyon Ayiti a, anba lidèship Premye Minis Jean-Max Bellerive ak ansyen Prezidan ameriken Bill Clinton, kontinye ap jwe yon wòl enpòtan nan kowòdinasyon aistans entènasyonal k ap vinn jwenn Ayiti.

"Nou pral kontinye apiye komisyon enterimè a ak lidèship ayisyen li an, ofiramezi pwosesis relans la ap vale teren.Fòk nou di sityasyon Ayiti a toujou rete yon sitiyasyon ki frajil, sitou apre tranblemanntè ki te frape peyi a. "

Trajedi 12 janvye 2010 la se tranblemanntè pi puisan ki janm frape nasyon an depi 200 zan. Li pran lavi plis pase 200 mil moun e kraze plizyè milye kay pami yo lopital, lekòl , batiman leta e la triye.

Konsèy sekirite l ONU an kondane vyolans kont timoun yo ak vyòl e abi seksuèl kap fèt sou medam yo .

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG