Accessibility links

Breaking News

L’ONU Rekonèt Gen Gwo Dizèt Nan Peyi Somali


2 timoun k ap soufri malnitrisyon nan Somali
2 timoun k ap soufri malnitrisyon nan Somali

Oganizasyon Nasyonzini deside deklare gen yon dizèt k ap frape 2 rejyon nan Somali kote peyi sa a anrejistre pi move sechrès li nan plis pase 50 an.

Pandan pòtpawol l’ONU, Mark Bowden, t ap pale de sitiyasyon an nan vil Nayewobi, nan peyi Kenya, li di 2 rejyon ki anba famin yo se Bakool avèk Ba Shabelle.

Bò kote pa l, Sekretè Deta Lèzetazini an, Hillary Clinton, fè parèt yon deklarasyon kote li fè konnen li genyen gwo kè-sote devan ijans imanitè ki prezante nan pati nò-dès Afrik la e aprè anons Nasyonzini pibliye mèkredi 20 jiyè 2011la sou sitiyasyon an nan Somali.

Madam Clinton tou pwofite pou l di Washington pral ajoute 28 milyon dola sou plis pase 431 milyon li te deja mete a la dispozisyon òganizasyon mondyal la pou manje ak ak lòt asistans dijans ki pa gen rapò ak afè manje.

XS
SM
MD
LG