Accessibility links

Breaking News

LONU Gen Ke Sote pou Zak Kraze Zo Taleban an Komet Kont Opozisyon, Jounalis


Jounalis Afghan Neamatullah Naqdi, 28 an, epi Taqi Daryabi, 22 zan poze pou yon foto nan biwo jounal Etilaat Roz la nan vil Kaboul, Afghanistan, 10 Sept. 2021.
Jounalis Afghan Neamatullah Naqdi, 28 an, epi Taqi Daryabi, 22 zan poze pou yon foto nan biwo jounal Etilaat Roz la nan vil Kaboul, Afghanistan, 10 Sept. 2021.

Nasyonzuni fe konnen li gen ke sote sou zak kraze zo Taleban an komet kont moun kap manifeste pasifikman. Plizye pami manifestan sa yo se fanm k'ap mande dwa egal ego ak gason yo epi jounalis ki kouvri evenman sa yo.

Nan yon ka, 2 jounalis televizyon Afghan pran kou ak baton an fe konbatan Taleban yo te sevi pou bat yo nan yon stasyon polis.

Biwo Nazyonzuni k'ap defann dwa moun deklare zak vyolans Taleban an komet kont manifestan yo ak jounalis yo ap ogmante.

Medya yo di yo pa konnen si lide Taleban yo dako ak zak kraze zo sa yo oubyen si se yon desizyon komandan yo pran poukont yo. Men yo di fok Taleban an ba yo garanti.

Tagi Daryabi, se youn nan jounalis ki pran kou yo. Li di li pap sispann kouvri manifestasyon yo.

Repotaj sa a baze sou enfomasyon ki soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG