Accessibility links

Breaking News

Plizyè Pyeton Blese nan yon Atak ak Machin nan Vil Lond, ann Angletè


Polis ki sou lye kote yon nonm te fonse ak machin li sou pyeton ki tap mache nan lari tou pre palman britanik la ann Angletè, bonè madi 14 out 2018 la.
Polis ki sou lye kote yon nonm te fonse ak machin li sou pyeton ki tap mache nan lari tou pre palman britanik la ann Angletè, bonè madi 14 out 2018 la.

La polis nan vil Lond ann Angletè di yon nèg antre yon machin sou yon gwoup pyeton ak siklis devan palman britanik la madi 14 out 2018 la. Bilan plizyè moun blese.

Otorite yo di polisye yo arete chofè machin nan anba akizason teworis. Fòs de lòd yo fè konnen pat gen lòt moun nan machin nan e yo pa jwen okenn zam. Sèvis anbilansye nan vil Lond fè konnen li trete e transpòte 2 moun lopital.

Prezidan ameriken an ki tap reyaji sou kont Twitter li deklare pou l di, " Yon lòt teworis atak an Lond... Bèt sa yo fou moun pa dwe nan griyen dan ak yo; moun fèt pou fase yo ak fòs!

XS
SM
MD
LG