Accessibility links

Breaking News

Atak ak Kouto sou yon Pon nan vil Lond. Bilan: 2 Mò ak Plizyè Blese


Ajan polis moun te ka wè tou prè anplasman kote esidan an rive sou Pon Lond la, nan Lagrann Bretay, vandredi 29 novanm 2019 la. (Foto: REUTERS/Peter Nicholls).
Ajan polis moun te ka wè tou prè anplasman kote esidan an rive sou Pon Lond la, nan Lagrann Bretay, vandredi 29 novanm 2019 la. (Foto: REUTERS/Peter Nicholls).

Nan vil Lond, lapolis fè konnen yo tire yon nèg e li mouri sou yon pon nan vil la aprè sa k sanble ak yon atak li t ap esye fè avèk yon kouto (kidonk, li te eseye ponyade yon moun). Nan yon deklarasyon lapolis pibliye vandredi, otorite yo di pa mezi de prekosyon y ap reyaji kòmsi zak sa a sete yon atak teworis tandiske, bò kote pa l, Sèvis Anbilans Lond la di li konsidere sa k rive a kòm "yon gwo ensidan grav".

Daprè ajans nouvèl "Sky News", yon lòt moun, ki pa atakan an, pèdi lavi li tou tandiske plizyè lòt blese; men otorite yo poko konfime lanmò sa a.

Premye Minis Boris Johnson ekri sou kont Tweeter li pou l di ofisyèl konsène yo kenbe li okouran evolisyon sitiyasyon an. Otorite yo fèmen tout sèvis nan yon estayon tren ki tou pre a, tandiske yo entèdi pwovizwaman tout sikilasyon sou pon an.

XS
SM
MD
LG