Accessibility links

Breaking News

Lond-Atak: Otorite yo nan Angletè Gen Idantite 3 Sipèk nan Zak Teworis Samdi Swa a


 Khuram Shazad Butt ak Rachid Redouane, 2 nan sispèk atak nan Lond lan.
Khuram Shazad Butt ak Rachid Redouane, 2 nan sispèk atak nan Lond lan.

Premye minis Grann Bretay la, Theresa May, fè yon deklarasyon bonè lendi 5 jen 2017 la, kote li di la polis britanik konnen idantite 3 atakan ki touye 7 moun e blese plis pase 50 lòt samdi pase nan vil Lond.

Madam May fè konnen otorite yo pral revele non yo ofiramezi ankèt la ap avanse. Yon lòt kote, la polis kenbe 11 moun nan detansyon an koneksyon ak envestigasyon an. Premye minis Theresa May presize la polis kontinye ap travay pou detèmine idantite tout viktim yo, men sa yo konnen jiskaprezan, sèke viktim yo genyen plizyè nasyonalite.

Madam May kontinye pou l di: "Se te yon atak sou vil Lond ak sou la Grann Bretay, men anmèmtantou, se yon atanta sou lemond antye. Pandanstan, la polis nan kapital britanilk la fè plis desant-de-lye jounen lendi a, kote yo mete divès moun yo sispèk ki ta gen koneksyon ak teworis nan detansyon nan zòn tankou Newham ak rejyon Barking.

XS
SM
MD
LG