Accessibility links

Breaking News

Limyè sou Fiziyad Kote Yon Sòlda Ameriken te Touye 16 Moun nan Afganistan


Avoka John Henry Browne
Avoka John Henry Browne

Yon avoka k ap defann yon sòlda ameriken ki te ouvè koutzam sou sivil nan peyi Afganistan kote li te touye 16 moun, eben, avoka a fè konnen yon jou anvan kliyan n nan te komèt zak sa yo, li te temwen yon ensidan kote yon zanmi li te pèdi yon janm nan yon eksplozyon. Non avoka a se John Henry Browne.

Mèt Browne, ki t ap pale ak ajans nouvèl Associated Press, deklare fanmi kliyan n nan ba li detay sou soufrans yon lòt sòlda ameriken te andire lavèy jou kote akize a te ouvè koutzam sou afgan yo. Okenn sous endepandan pa an mezi pou verifye detay sa yo; men Mèt Browne di blese sòlda ameriken sa a te genyen move konsekans sou etadam lòt militè ki te nan rejyon an. Daprè avoka a toujou, kliyan n nan te blese pandan li t ap patisipe nan operasyon militè Lèzetazini t ap mennen nan peyi Irak epi misye pa t tèlman twò chofe pou l ale nan Afganistan. Avoka John Henry Browne di:

“Yo te di misye li pa t ap genyen pou l patisipe nan okenn lòt misyon militè aletranje ankò. E fanmi li te deja konte sou le fèt ke li pa t ap retounen sou chand-batay ankò. Konsa, yo te di li menm ak fanmi li tout patisipasyon li nan operasyon militè a nan zòn azyatik sa a te fini. Epi, toudenkou, tout bagay te chanje. Alòs, mwen kwè nou kapab di li menm ak fanmi li pa t kontan ditou deske li te retounen patisipe nan yon operasyon militè."

Pandansetan, minis defans ameriken an, Leon Panetta, fè yon vwayaj semèn sa a nan Afganistan kote li rankontre ak Prezidan Hamid Karzai. Objektif vwayaj sa a sete eseye kalme tansyon k ap monte nan peyi sa a aprè ensidan kote sòlda ameriken an te touye 16 sivil. Misye Panetta pale pou l di li rebay Prezidan Karzai garanti ke Lèzetazini pran sitiyasyon an oserye anpil. Minis Panetta deklare :

«Yon fwa ankò mwen pran angajman devan Prezidan Karzai ke nou pral avanse sou dosye a avèk yon ankèt total e konplè; nou pral mennen moun konsène a devan lajistis. Li aksepte sa e li espere pwosesis la pral totalman transparan, yon fason pou pèp afgan an kapab wè Lèzetazini pral non sèlman jije moun nan, men tou si li koupab, li pral genyen pou l reponn pou aksyon li komèt la."

Nan rankont Misye Panetta fè nan Kaboul ak Prezidan Karzai la, lidè afgan an fè li konnen tou li ta renmen wè responsab misyon entènasyonal la nan Afganistan fè tout sa k posib pou ensidan konsa pa repete nan lavni. Pandansetan, Mèt John Henry Browne, avoka sòlda ameriken ki nan mitan pwoblèm nan, deklare li rekonèt kliyan n nan byen kapab genyen pou l fè fas ak yon pèn-de-mò kom pinisyon pou zak kote li te ouvè koutzam san gade dèyè sou yon bann ak yon pakèt moun nan Afganistan.

XS
SM
MD
LG