Accessibility links

Breaking News

Limyè sou Aksidan yon Avyon Air France sou Oseyan Atlantik la

Kèk anketè fransè di yo jwen kèk pati djet Air Frans ki te kraze nan Oseyan Atlantik la tou prè Brezil sa gen prèske 2 zan.

Ekspè yo di yon sou-maren telegide jwen kèk pyès debri airbus 330 lan pandan dènye rechèch yo.

Yo di yo espere jwen swadizan bwat nwa ki fè anrejistreman sou vòl la ki ka ba yo kèk endis vital pou konnen egzakteman ki sa ki te lakoz aksidan an.

Vòl 447 Air Frans la te plonje nan Atlantik la, nan ane 2009, yon ti tan aprè li te fin dekole soti nan Rio de Janeiro , o Brezil pou ale nan vil Paris nan peyi Lafrans.

Dezas la te pwovoke lanmò 228 moun.

XS
SM
MD
LG