WASHINGTON, DC —
NOUVEL DENYE MINIT:
La Mezon Blanch fè konnen Prezidan ameriken an, Donald Trump, pa prale nan Somè Dèzamerik la ankò -somè ki pral fèt nan Lima, o Pewou, le 13 ak 14 avril 2018 la. Daprè ajans nouvèl Reuters ki bay nouvèl la, Vis Prezidan Mike Pence ap ranplase prezidan Trump.
Prezidan Trump pa prale non sèlman nan Lima, Pewou, kote li te sipoze asiste Somè Dèzamerik la, men li anile tou vwayaj li te gen pou l fè nan Bogota, kapital Kolonbi, kote li te gen pou l rankontre, antwòt, avèk Prezidan Juan Manuel Santos.
SE YON NOUVEL K AP EVOLYE TOUJOU.