Accessibility links

Breaking News

Lidè Rezo al-Kaida, Oussama bin-Laden, Pèdi Lavi li nan Pakistan


Kote teworis rezo Al Kaida a Osama Bin Laden pedi lavil
Kote teworis rezo Al Kaida a Osama Bin Laden pedi lavil

Chèf rezo teworis al-Kaida, Oussama bin-Laden, mouri nan peyi Pakistan. Prezidan ameriken an, Barack Obama, anonse nouvèl la byen ta dimanch swa nan Washington nan yon mesaj ki pase sou radyo ak televizyon atravè tout peyi a.

Li te 11 zè 35 diswa lè Washington (10 zè 35 diswa, lè Ayiti) lè lidè Lèzetazini an te pale ak pèp la e ak lemond antye pou l anonse nouvèl lanmò chèf rezo teworis al-Kaida, OOussama bin-Laden.

Nan moman an, plizyè santèn moun te rasanble devan La Mezon Blanch avèk slogan e ak chanson ki montre kijan yo kontan aprann sèvo atak teworis ki te fèt sou Lèzetazini nan dat 11 septanm 2001, nan New York, Washington ak Eta Pennsilvani, pa vivan ankò, li mouri. Misye Obama anonse yon nouvèl pèp ameriken an tap tann depi preske 10 zan. Prezidan Obama di:

“Mwen kapab fè pèp ameriken an ak lemond konnen Lèzetazuni mennen yon operasyon ki touye Oussama bin-Laden, lidè al-Kaida-a, e teworis ki te responsab lanmò plizyè milye gason, fanm ak timoun inosan."

Vrèman vre, Oussama bin-Laden te tounen teworis lajistis te plis ap chache atravè lemond, depi jou kote plis pase 3 mil moun te pèdi lavi yo nan atak 11 septanm 2001 an. Prezidan Obama fè konnen, nan mwa Dout ane pase a, li te resevwa detay sou yon enfòmasyon sekrè ki te di responsab sèvis ransèyman ameriken te aprann ki kote Oussama bin-Laden te ye. Daprè enfòmasyon sa a, lidè rezo Al-Kaida a tap viv nan yon gwo kay, nan yon gwo chato nan vil Abbottabad, nan Pakistan. Misye Obama kontinye pou l di li te bay pèmisyon semèn pase a pou lame amerikèn pase alaksyon, mache pran Ozama bin Laden e trennen n devan lajistis. Li ajoute se yon ti gwoup sòlda ameriken ki reyalize operasyon an.

"Apre yon echanj koutzam, yo touye Oussama bin-Laden e yo pran kadav la.”

Prezidan Obama di li prevwa rezo Teroris al-Kaida-a pral kontinye chache atake Lèzetazini. Se konsa lidè Lèzetazini an lanse avètisman bay sitwayen ameriken yo pou l mande yo rete vijilan. Misye Obama di:

“Menm jan prezidan Bush te fè sa imedyatman aprè atak 11 septanm 2001 an, mwen pale klè pou m di: Lagè nou an se pa yon lagè kont relijyon Lislam, paske bin Laden pat yon lidè mizilman. Misye te yon asasen ki tap touye mizilman pa bann e pa pakèt. An fèt, rezo Al-kaida-a asasinen plizyè dizèn mizilman nan anpil peyi, san bliye pwòp peyi pa nou an.”

Prezidan Obama fè konnen sèvis sekrè peyi Pakistan te kowopere ak fòs zame Lèzetazini pou pèmèt sòlda ameriken yo dekouvri ki kote bin Laden te kache. Misye Obama ajoute li te rele prezidan pakistanè a, Azif Ali Zardari, pou fè l konnen nouvèl lanmò Bin Laden nan. Li ajoute otorite pakitanè yo dakò pou di jounen jodiya se yon bon jounen e yon jounen istorik pou tou lè 2 peyi yo.

Anvan Prezidan Obama te mete mesaj sa a devan pèp ameriken an ak lemond, yon gwo foul te rasanble devan La Mezon Blanch kote moun yo t ap manifeste lajwa-lakontantman yo, ak chanson, slogan epi rejwisans popilè. Pandansetan, Depatman Deta mete tout anbasad amerikèn an-eta-dalèt e li bay sitwayen Lèzetazini yo avètisman sou posiblite pou rezo teworis al-Kaida lanse yon seri de atak pou l chanche pran revanj pou lanmò lidè li, Oussama bin-Laden

XS
SM
MD
LG