Accessibility links

Breaking News

Lidè RDNP a, Mirlande Manigat Deside Kite Platfòm Patriyòt Ayisyen yo


Pati politik Rasanbleman Demokrat Nasyono Pwogresis (RDNP) ke pwofesè Mirlande Manigat ap dirije, deside kite Platfòm Patriyòt Ayisyen an (PLAPH) yon jou apre Konsèy Elektoral la fin fèmen lis enskripsyon pou pati politik ki pral patisipe nan eleksyon prezidansyèl yo ann novanm pwochen.

Yon lòt kote, otorite lokal nan kèk komin depatman sid peyi Dayiti resevwa doleyans kèk elektè potansyèl ki fè konnen yo gen pwoblèm akoz sa yo rele nouvo zonaj ki fèt nan sikonkrispayon yo.

Zonaj sa a, kote otorite yo retrase divizyon jewografik sikonskripsyon yo, oblije yon elektè mache sou yon gran distans pou l al vote, alòske genyen yon biwo elektoral tou prè kay li. Korespondan nou Rotchild François Junior (nan Pòtoprens), ak Jean Hernst Eliscar (nan vil Okay) devlope nouvèl sa a yo pou nou.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute nouvèl jounen an avèk Rotchild, Jean Hernst e lòt korespondan nou gen ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG