Otorite nan gouvènman pwovizwa k ap dirije Libi a fè konnen yo ranvwaye plan yo te genyen pou yo antere ansyen lidè libyen Mohammar Kadhafi vandredi 22 oktòb 2011 la, swa yon jou aprè li te mouri nan moman konbatan nouvo gouvènman an te pran daso vil natal li a, Sirte.
Anvan sa, otorite yo te di yo ta pral antere Khadafi jodiya nan yon anplasman sekrè.
Sepandan, laprès site manm Konsèy Nasyonal Tranzisyon-an ki ta di yo kapab ranvwaye antèman an pou 2 zou 3 jou, paske yo poko konnen ekzatteman ki kote yo pral antere ansyen lidè a, mete sou posiblite pou La Wot Kou Entènasyonal Jistis ta vle mennen yon ankèt sou lanmò li.