Nan Irak lidè ki pi enfliyan yo ap rankontre nan nan rejyon Kurdistan (ki nan pati nò peyi a) avèk espwa y ova mete fen nan yon enpass politik kila depi 8 mwa.
Prezidan rejyon kurd la, Masoud Barzani, byen akeyi premye minis Nouri al Maliki ak ansyen premye minis Ayad Allawi nan Irbil lendi 8 novanm 2010 la.
Alyans Iraqiya Allawi sunit apiye a te preske mete deyò Blòk eta de dwa msye Maliki a nan eleksyon palmantè ki te dewoule nan mwa Mas a, men jiskaprezan tou 2 pati yo pa reyisi nan tantativ yo t ap fé pou yo fòme yon gouvènman.
Kèk politisyen di la prèss tou 2 pati yo prèske rive jwenn yon akò sou pataj pouvwa a. Gen lòt ki demanti nouvèl sa a.