Accessibility links

Breaking News

Etazini: Lidè Ameriken yo Komemore Memwa Pasaje Vòl 93 United Airlines la

Ansyen premyè dam amerikèn nan Laura Bush, ansyen prezidan ameriken an Georges Bush, Premyè dam ameriken an Michelle Obama ak Prezidan Ameriken an Barack Obama nan yon seremoni ki dewoule nan Nouyòk pou komekore 10èm anivèsè atak 11 septanm nan (AP Photo/

Ansyen prezidan ameriken, Georges W. Bush, ak Bill Clinton vizite Shanksville, Pensylvani, kote yo patisipe nan seremoni inogirasyon yon moniman nan memwa viktim vòl 93 United Airlines ki te kraze nan yon aterisaj fòse pandan atak teworis 11 septanm yo.

Moniman sa a fabrike avèk wòch blan e li komemore efò pasaje ak ekipaj vòl 93 la ki t ap eseye metrize pirat yo e ki te fè yon aterisaj fòse. Mesye Bush deklare desizyon pasaje yo pou batay ak pirat yo te enspire yon “espri pou sèvi” lakay lòt sitwayen ameriken apre atak 11 septanm yo.

Mesye Clinton remèsye Mesye Bush ak administrasyon an plas la k ap pwoteje peyi a kont lòt atak. Li konsidere jès pasaje yo kòm premye kont-atak nan lagè kont teroris yo. Li menm tou rann omaj a 40 pasaje ansanm ak manm ekipaj yo pou aksyon yo.

E li ajoute:

“Yo te chwazi pou yo fè sa ki byen”

Vis-prezidan, Joe Biden te prezan nan seremoni sa a.

Nan Washington, prezidan ameriken Barack Obama ak administrasyon li an rann omaj a premye sekouris yo, ponpye , militè ak plizyè milye moun ki te pèdi lavi yo.

XS
SM
MD
LG