Accessibility links

Breaking News

Lidè yon Megalegliz Meksiken Taka Pran 16 zan Prizon


Foto Achiv: Naasón Joaquín García pandan yon sevis nan legliz La Luz del Mundo a nan Guadalajara, Meksik, 9 Out 2018.
Foto Achiv: Naasón Joaquín García pandan yon sevis nan legliz La Luz del Mundo a nan Guadalajara, Meksik, 9 Out 2018.

Lidè yon megalegliz Meksiken taka fè fas ak plis pase 16 zan prizon nan eta Kalifoni pou abi seksyèl 3 tifi ki te fidèl legliz li a.

Naasón Joaquín García sipoze konparèt devan Kou Sipreryè Los Angeles la Mèkredi kote jij la va pwononse santans li, apre li finn plede koupab ak 3 chèf d'akizasyon lavèy pwosè li a ke moun tap tann depi lontan.

5 milyon fidèl legliz La Luz del Mundo yo konsidere Garcia tankou "apot" Jezikri.

Misye te sèmante li pat komèt krim sa a yo men sanzatann li te admèt ke li te pwofite enfliyans spirityèl li pou'l antre nan relasyon seksyèl ak plizyè fi.

Garcia tap fè fas ak 19 akizasyon pou krim ki gen ladann vyòl timoun.

XS
SM
MD
LG