Accessibility links

Breaking News

Nouvo Angajman Entènasyonal pou Apiye Gouvènman Tranzisyon an nan Libi


Moun ki ap viv nan kapital Libi a, Tripoli, kenbe drapo peyi a
Moun ki ap viv nan kapital Libi a, Tripoli, kenbe drapo peyi a

Otorite plis pase 63 peyi pran angajman pou yo kontinye apiye revolisyon libyèn nan ki gen nan tèt li Konsèy Nasyonal Tranzisyon an (KNT). Yo pran angajman sa a nan yon konferans entènasyonal ki dewoule jedi premye septanm nan nan vil Pari, kapital Lafrans. Chèf delegasyon Lèzetazini an sete Sekretè Deta Hillary Clinton.

Chèf diplomasi amerikèn nan di:

“Nou rekonèt Konsèy Nasyonal Tranzisyon an ap fè fas ak tout yon seri de gwo pwoblèm, gwo difikilte menm jan nou byen konen yo dwe tabli sekurite, yon eta de dwa, ak bòn gouvènans. Men, an menm tan tou, yo ban nou garanti yo byen konprann delikatès sitiyasyon-an, yo pral bay pwoblèm yo tout atansyon yo merite e yap fè sa pi vit posib.”

Bò kote pa l, Premye Minis britanik la, David Cameron –ki te ko-patwone konferans la avèk Prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy- fè konnen twoup militè l’OTAN yo pral kontinye operasyon yo nan Libi toutotan sa nesesè –pi presizeman tout otan Kolonèl Kadhafi ak patizan li yo reprezante yon menas pou popilasyon sivil la.

Misye Camaron deklare :

“L’OTAN ak alye li yo pral kontinue operasyon nou yo pou n aplike rezolisyon 1970 ak 1973 Konsèy Sekirite l’ONU an; nou pral fè sa toutotan sa nesesè pou nou pwoteje lavi sivil yo.”

Sepandan, Nicola Pratt, k ap anseye etid mwayen-oryantal nan Inivèsite Warwick, nan La Grand Bretay, atire atansyon sou le fèt ke se pa tout peyi, se pa tout gouvènman ki apiye revolisyon libyèn nan; kidonk, apui Konsèy Nasyonal Tranzisyon an resevwa a, se pa yon apui inivèsèl.

Pwofesè Pratt di:

“Toujou genyen anpil peyi ki poko rekonèt konsèy la; alos, mwen pap di genyen yon gwo angouman entènasyonal pou apiye Konsèy Nasyonal Tranzisyon-an. Men mwen ka di, definitivman, genyen yon bòn dispozisyon anvè nouvo lidè libyen yo pami peyi sa yo ki te jwe yon gwo wòl nan efò ki fèt pou debarase Libi de Kadhafi.”

Lidè mondyal ki te patisipe nan konferans Pari a rekonèt verite ki genyen nan deklarasyon pwofesè Pratt la; se konsa yo lanse apèl bay peyi ki pat patisipe nan rankont entènasyonal la -sitou Afrik di Sid- pou mande yo chanje politik yo vizavi Libi ki genyen jounen jodiya.

Yon lòt kote, gouvènman peyi Latiki deside relouvri anbasad li nan Tripoli vandredi 2 septanm 2011 la, swa yon jou aprè lidè mondyal yo te mete yo dakò pou yo debloke plizyè milya dola lajan ak byen Libi, yon fason pou ede gouvènman provizwa a rekonstui peyi a. Ministè Afè Etranjè Tiki a fè konnen yon ekip diplomat, ki genyen nan tèt li yon anbasadè tou nèf, Ali Kemal Aydin, kite Ankara Jedi pou yo ale nan Tunizi kote yap pran avyon apre, pou kapital Libi a. E yo pral fè misyon diplomatik la rekòmanse travay san pèdi tan.

XS
SM
MD
LG