Accessibility links

Breaking News

Libi: Tribinal Entènasyonal la Mande Arestasyon Gadhafi


Rebèl k ap goumen kont gouvènman Moammar Gadhafi a nan Libi
Rebèl k ap goumen kont gouvènman Moammar Gadhafi a nan Libi

Prezidan Moammar Gadhafi rejte desizyon La Wot Kou Entènasyonal Jistis pran pou l lanse manda darè dèyè li menm avèk 2 nan pi pwòch kolaboratè l yo sou akizasyon dèske yo komèt krim de gè nan kad operasyon sere-boulon rejim li a lanse kont opozisyon an.

Se konsa, nan Tripoli, minis jistis libyen an, Mohammad al-Gamoudi, ki t ap pale de dosye a lendi 27 jen an, fè konnen Libi pa rekonèt lejitimite tribinal Lahè a.

Li deklrare: "Sèl sa tribinal sa a ye, se yon kouvèti pou operasyon miitè l’OTAN an. L'OTAN ki pa sispann eseye reyalize menas li fè pou l touye Frè nou an, Moammar Gadhafi ak fanmi li. Aksyon sa yo ke l’OTAN poze, se yo menm ki krim kont limanite, krim ke tribinal entènasyonal la ta dwe denonse e kondane. Se yon bèl okazyon pou n deklare ke Leta Libyen an pap manke rele l’OTAN devan lajistis pou krim li komèt nan Libi yo."

Isit Washington, pòtpawol Mezon Blanch la, Jay Carney, fè konnen manda Wot Kou Entènayonal Jistis la lanse kont Moammar Gadhafi, pitit-gason ni Seif Al-Islam ak chèf sèvis sekrè libyen-an, Abdoula al-Senussi, atire atansyon sou nesesite pou lidè libyen an reponn devan lajistis pou move zak li komèt yo.

Libi: Tribinal Entènasyonal la Mande Arestasyon Gadhafi
Libi: Tribinal Entènasyonal la Mande Arestasyon Gadhafi

Misye Carney di : “Se yon lòt siy ki montre Moammar Gadhafi pèdi lejitimite li. San di pètèt, nou rete kwè ke devan gwo kokenn krim li komèt yo, e devan gravite krim sa yo, fòk gen jistis e se pou l reponn pou zak li yo. Desizyon Tribinal la atire atansyon sou enpòtans efò kowalisyon an ap fè nan Libi. Kidonk, se yon lòt pa an avan nan pwosesis pou fè Gadhafi reponn devan lajistis."

Daprè sa k di nan manda darè Tribinal Lahè a lanse dèyè Gadhafi ak 2 pwòch kolaboratè l yo, yo gen pou reponn akizasyon dèske yo te itilize prizon, zak kraze-zo ak fòs mòtèl kont moun ki t ap pwoteste kont gouvènman an.

Pami zak sa yo, genyen lòd akize yo ta pase pou fran-tirè ouvè kout-zam sou sivil pandan moun sa yo t ap sòti nan yon moské.

XS
SM
MD
LG