Accessibility links

Breaking News

Libi: Lidè Peyi a Sèmante L ap Ranpòte Laviktwa


Libi: Lidè Peyi a Sèmante L ap Ranpòte Laviktwa
Libi: Lidè Peyi a Sèmante L ap Ranpòte Laviktwa

Bri eksplozyon ak bri batri antiaeryen k ap tire fè mikala w mèkredi 23 mas 2011 la maten an nan kapital libyen an, Tripoli, kèk èd’tan apre lidè Libyen an Mouammar Kadhafi, sèmante l ap ranpòte laviktwa nan lit l ap mennen kont rebèl ak fòs entènasyonal yo.

Nan premye aparisyon piblik misye Kadhafi fè depi yon semèn, li di jounalis yo nan kanpman li an nan Tripoli peyi a pare pou l goumen, kit batay la ap long kit l ap kout. Chèn televizyon libyen an difize sa li prezante kòm yon mesaj “an dirèk” misye Khaddafi k ap pale ak yon foul moun.

Lidè libyen an denonse kanpay militè entènasyonal ki sou pye kont fòs li yo---e l kalifye l kòm yon kwazad kont relijyon islamik la.

Pandan fòs kowalisyon an kontinye ap mennen operasyon yo pou fè respekte zòn kote avyon pa gen dwa vole nan syèl Libi a, fòs k ap apiye Kadhafi yo ogmante atak yo kont vil ki anba men rebèl yo.

Nan dènye lese-frape yo, fòs k ap apiye lidè libyen an bonbade ak tank, pyès kanno e ak fran tirè anba-chal vil Misrata ak Zitan —2 vil ki anba men rebèl yo. Kòmandan taktik kowalisyon an, amiral ameriken Samuel Locklear, deklare yè sèvis ransèyman yo konfime fòs Kadhafi yo ap atake sivil nan Misrata---yon aksyon li di ki vyole rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, mande pou fòs k ap soutni gouvènman libyen an pa vanse sou Misrata ak yon seri lòt vil nan peyi li.

XS
SM
MD
LG