Accessibility links

Breaking News

Libi: Yon Plan Seselfe Devan Gouvènman an ak Rebèl yo


Rebèl yo kontinye pwoteste kon rejim Kadhafi a
Rebèl yo kontinye pwoteste kon rejim Kadhafi a

Nan Libi, yon delegasyon lidè afriken pran direksyon vil Benghazi kote rebèl yo genyen katye jeneral yo, pou yo mete devan yo yon plan seselfe ki, daprè delege yo, deja jwenn o ké lidè libyen an Mohammar Kadhafi.

Ofsyèl Inyon Afrikèn nan fè konnen plan an mande yon seselfe imedya, negosyasyon ant rebèl yo ak gouvènman an, pwoteksyon pou sitwayen etranje k ap viv nan Libi, avèk yon ogmantasyon asistans imanitè ki pral jwenn popilasyon sivil la.

Lendi 11 avril 2011 la, lidè rebèl yo fè konnen yo dispoze pran plan an an konsiderasyon ; men yo ensiste pou di misye Kadhafi fèt pou kite pouvwa a.

Otorite libyen yo, bò kote pa yo, fè konnen kesyon pou Kadhafi bay demisyon n nan, pa nan katon an menm.

Prezidan Afrik di Sid la, Jacob Zuma, ak 3 lòt lidè afriken te rankontre ak misye Kadhafi pandan plizyè èd tan dimanch 10 avril la nan vil Tripoli.

Se konsa tou, misye Zuma lanse apèl bay l’OTAN pou mande l sispann atak ayeryen li yo kont fòs gouvènmantal yo yon fason « pou bay seselfe a yon chans ».

XS
SM
MD
LG