Accessibility links

Breaking News

Libi: Rejim Khadafi a ap Chache yon Solisyon Pou Kriz la


Libi: Rejim Khadafi a ap Chache yon Solisyon Pou Kriz la
Libi: Rejim Khadafi a ap Chache yon Solisyon Pou Kriz la

Nan Libi, rebèl yo fè yon dènye fonse sou vil estratejik Brega, ki gen anpil enstalasyon petwòl, nan moman gouvènman Kadhafi a ap fè negosyasyon sou mwayen pou l mete fen nan batay yo.

Goumen k ap dewoule lendi 4 avril 2011 la nan Brega se sele-frape pi resan ki fèt nan yon seri de batay kote chakenn nan 2 pati yo te fè pwogrè sou lòt la, epi aprè sa li te vin pèdi pwogrè sa a.

Goumen jodiya ap dewoule tou nan moman Lèzetazini ap prepare l pou l mete fen nan patisipasyon n nan atak ayeryen l’OTAN yo nan Libi. Dimanch 3 avril la, otorite yo nan peyi Lagrès te anonse yon anvwaye Prezidan Mohammar Kadhafi fè premye Minis George Papandreou konnen lidè libyen an vle mete fen nan goumen k ap fèt nan peyi l la.

Bò kote pa l, minis afè etranjè grèk la, Dimitris Droutsas, pale pou l di sanble otorite yo nan Libi ap chache yon solusyon pou konfli ame ki mete fòs gouvènmantal yo fas-a-fas ak mlitan anti-Kadhafi yo.

Misye Droutsas pale konsa apre minis afè etranjè pwovizwa libyen an, Abdul Ati Al-Obeidi, te fè chita-tande avèk Premye Minis Papandreou nan vil Atèn.

Se otorite libyen yo ki te mande chita-tande sa a. Tradisyonèlman, Lagrès, ki se yon manm Inyon Ewòp la, te toujou genyen bon jan relasyon avèk gouvènman Kadhafi a.

Otorite grèk yo fè konnen minis afè etranjè pwovizwa libyen an, misye Al-Obeidi, fè misye Papandreou konnen tou li pral vwayaje sou zile Malt ak nan peyi Tuki, nan kad efò rejim libyen an ap deplwaye pou l mete fen nan kriz la.

XS
SM
MD
LG