Accessibility links

Breaking News

Libi: Pouvwa Pwovizwa a Fikse Samdi 3 septanm 2011 la kòm Dènye Delè Pou Fòs Pwo-Kadhafi yo Rant Tèt yo nan Sirte, Vil Natal Kadhafi


Mustafa Abdel Jalil
Mustafa Abdel Jalil

Otorite nan Pouvwa Pwovizwa Nan Libi a anonse yo fikse samdi3 septnam 2011 la kòm dènye delè pou fòs k ap defann Moammar Kadhafi yo nan vil Sirte, vil natal misye Kadhafi, rann tèt yo.

Lidè Konsèy Nasyonal Tranzisyon an, Mustafa Abdel Jalil, fè konnen konbatan li yo pral lanse yon aksyon militè nan Sirte si twoup pwo-Kadhafi yo pa fè negosyasyon avèk konsèy la epi rann tèt yo pa pi ta ke Samdi –swa yon jou aprè fen yon fèt mizilman ki rele Eid al-Fitr.

Konbatan anti-Kadhafi yo pale pou yo di y ap pare pou yon dènye konba pou yo pran kontwòl dènye baz ki rete nan men patizan rejim ranvèse a. Delè k ap fini samdi a konséne prensipalman vil Sirte; men konsèy la fikse li tou pou lòt zòn kote ou jwenn moun ki rete fidèl ak Kadhafi, tankou vil Bani Walid ak vil Sabbah, ki nan pati sid Libi.

Yon lòt kote --toujou nouvèl konsènan LibIi—Sekretè Jeneral Òganizasyon Nasyonzini an, Ban Ki-moon, pale madi 30 out 2011 la pou l di genyen yon gwo antant entènasyonal ki fè konprann l‘ONU ta dwe jwe yon wòl lidè nan premye faz sitiyasyon k ap evolye nan peyi Libi aprè fen rejim Kadhafi a. Misye Ban, ki te pran lapawòl devan Konsèy Sekirite a, deklare Konsèy Nasyonal Tranzisyon an –ou KNT- sanble genyen kontwòl pi fò kapital Libi a, Tripoli, e daprè li konfli ki poze nan peyi sa a pa lwen pou l fini. Dirijan l’ONU an kontinye pou l di lidè òganizasyon rejyonal yo (tankou Inyon Ewòp la, Inyon Afrik la ak Lig Arab la), yo tout apiye lide pou Nasyon Zini pran tèt efò ki dwe fèt pou ede Libi aprè konfli a va fin rive nan bout li. Lidè Nasyon Zini an di:

« Objektif mwen se mete manm pèsonèl l’ONU sou teren an le pli vit posib anba yon manda solid konsèy sekurite a. Nou genyen yon fèm volonte poun fè sa. »

Nan menm jounen madi a, komisyon Konsèy Sekirite a ki te pran sanksyon kont Libi pandan Kolonèl Kadhafi te sou pouvwa a apwouve dekèsman yon ti kras plis pase yon milya dola lajan ak byen peyi a ki bloke nan divès bank britanik.

XS
SM
MD
LG