Accessibility links

Breaking News

Libi: Plis Peyi Ewopeyen Pral Ede Rebèl yo


Libi: Plis Peyi Ewopeyen Pral Ede Rebèl yo
Libi: Plis Peyi Ewopeyen Pral Ede Rebèl yo

2 lòt peyi manm Inyon Ewòp la anonse yo pral pote kole ak Grann Bretay pou yo voye konseye militè nan Libi pou ede fòs rebèl yo.

Minis defans italyen an, Ignazio La Russa, di mèkredi 20 avril 2011 la peyi li a pral depeche 10 enstriktè nan Libi, dekwa pou yo kapab antrene konbatan opozisyon kap goumen ak fòs ki rete fidèl anvè kolonèl Mohammar Khadafi.

Nan komansman jounen jedi 21 avril 2011 la, Lafrans te anonse tou entansyon pou l fè menmman parèyman.

Isit Ozetazini, responsab ameriken fè konnen administrasyon Obama a ap pare pou l dekese 25 milyon dola asistans pou rebèl yo.

Dapre responsab ameriken yo toujou, asistans sa a kapab vini sou fòm machin, tank gazolinn, jilè par-bal, ak aparèy radyo walkie-talkie.

Bo kote pa l , prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy rankontre mèkredi 20 avril 2011 la avèk chèf konsèy tranzisyon rebèl libyen yo, Mustafa Abdel Jalil, nan vil Paris.

Apre rankont la, mesye Jalil di laprès li envite mesye Sarkozy pou là al vizite vil Benghazi, ki nan pati lès Libi, e kote mouvman rebèl la genyen baz li.

XS
SM
MD
LG