Accessibility links

Breaking News

Libi: Otorite yo Arete Minis Edikasyon an Pou Mank Liv Nan Lekòl yo


A general view of the Chancellery with security bars and police cars, the host of the Libya summit in Berlin, Germany, Jan. 18, 2020.
A general view of the Chancellery with security bars and police cars, the host of the Libya summit in Berlin, Germany, Jan. 18, 2020.

Minis Edikasyon Libyen al nan prizon nan kad yon ankèt sou yon mank liv nan lekòl yo, kote mank liv la deranje anpil sèvis lekòl yo.

Pwokirè Jeneral la te di nan yon deklarasyon, ke Moussa al-Megarief "al nan prizon pou neglijans nan pèfòmans you nan devwa li genyen kòm Minis Edikasyon ."

"Pwokirè Jeneral la louvri yon ankèt pou klarifye sikonstans ki akonpaye pwosedi kontra pou enprime liv lekòl yo ak rezon ki fè mank sa a".

Anplis Minis Edikasyon an, envestigatè yo te tande plizyè lòt ofisyèl, tankou Minis Planifikasyon an.

Libyen yo ap soufri tout gwo konsekans gwo kriz politik ki frape peyi yo depi rejim Muammar Kadhafi a te tonbe an 2011.

Nan semèn ki sot pase yo, paran yo pa te gen okenn chwa pase sèvi ak fotokopi liv yo. Zakiya Abdelsamad, ki se sekretè nan yon klinik prive nan Tripoli, di AFP. "Mwen gen twa timoun nan lekòl primè epi fotokopi chak liv pou chak matyè koute nou dè santèn de dina (lajan peyi a),"

Yon jounalis AFP fè konnen plizyè libreri nan kapital la pwofite de sitiyasyon an pou yo ofri vèsyon fotokopi liv ki disparèt yo a pri ki pi wo.

Gouvènman Libyen an gen yon bidjè anyèl pou enprime liv pou bay gratis nan lekòl piblik yo, men yon reta nan transfè lajan yo dwe bay founisè yo te lakòz mank liv yo nan lekòl ane sa.

Anvan arestasyon l ', Minis Edikasyon an te blame reta a sou pwosesis la sou reta lekol yo te genyen nan inifye kontni pou kourikoulòm yo nan twa gwo rejyon Libyan yo.

XS
SM
MD
LG