Accessibility links

Breaking News

Siri: Apèl Sekretè-Jeneral l’ONU pou Prezidan Al-Assad


Manifestan ki rasanble yo pou pwoteste kont rejim gouvènman an lanse dèyè moun k ap pwoteste yo nan Siri
Manifestan ki rasanble yo pou pwoteste kont rejim gouvènman an lanse dèyè moun k ap pwoteste yo nan Siri

Nan Siri, nouvèl yo rapòte kèk gwo kout-zam lou rekòmanse tire nan vil Homs ki nan sant peyi a, nan moman fòs gouvènmantal yo kontinye operasyon yo lanse pou yo kraze yon mouvman leve-kanpe anti-gouvènmantal.

Militan Najati Tayara –ki pale ak kèk ajans nouvèl oksidantal- di moun te ka tande eksplozyon kout-mòtye nan vil la mèkredi 11 me 2011la, nan moman fòs militè yo t ap fè antre-sòti nan divès katye.

Bò kote pa l, Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyonzini an, Ban Ki-moon, lanse apèl bay prezidan siryen an, Bashir Al-Assad, pou mande misye mete fen nan arestasyon k ap fèt pa bann e pa pakèt yo epi aksepte apèl li resevwa pou l fè refòm nan peyi a.

Misye Ban fè deklarasyon sa a nan yon konferans pou laprès li bay nan vil Jenèv.

Madi 10 me 2011 la, diplomat oksidantal te di Kowèt byen kapab ranplase Siri kòm kandida pou yon pòs nan prensipal komisyon Nasyonzini ki regle zafè dwamoun nan.

Anpil anbasadè fè konnen Siri, ki anba gwo presyon lòt eta-manm l’ONU yo, kite tonbe chans pou l te fè pati komisyon an ki genyen ladan reprezantan 47 peyi.

XS
SM
MD
LG