Accessibility links

Breaking News

Libi: Fòs Kadhafi yo Rekòmanse Atake Diferan Vil Peyi a


Rebèl k ap kouri nan Libi apre fòs Kadhafi yo pase a latak
Rebèl k ap kouri nan Libi apre fòs Kadhafi yo pase a latak

Nouvèl yo rapòte anpil eksplozyon nan kapital libyen an, Tripoli, jedi 24 mas 2011 la nan moman operasyon militè Nasyonzini otorize pou fè respekte zòn kote avyon pa gen dwa vole nan syèl peyi Libi a antre nan 6èm jou li.

Fòs k ap apiye Kadhafi yo rekòmanse atake mèkredi 23 mas 2011 la vil Misrata apre avyon peyi oksidantal yo te fòse tanporèman fòs gouvènmantal yo kontinye bonbade bastyon rebèl yo.

Vis-minis afè etranjè libyen an, Khalid Kaim, deklare pat genyen operasyon militè (atè) nan Misrata, 3èm pi gwo nan Libi. Kaim di te genyen sèlman kèk ti fwaye vyolans ak tirè izole epapiye nan kèk sektè nan vil la.

Yon doktè nan Misrata di fòs k ap soutni Khadafi yo te bonbade Misrata “san gade dèyè” menm yon katye ki toupre yon lopital yo pat epaye e genyen nèg ak zam ki kache sou tèt kay k ap tire sou popilasyon sivil la.

Fòs ki fidèl ak Kadhafi yo te kontinye atake tou vil Zintan ak Ajdabiya—2 bastyon rebèl yo kontwole.

Kont-Amiral ameriken Gerard Hueber te presize fòs kowalisyon an te santre atansyon li sou twoup terès Kadhafi yo k ap atake popilasyon sivil nan vil yo. Atak kowalisyon an te vize “pyès kanno, sit misil mobil ak inite mekanize lame libyèn nan.

XS
SM
MD
LG