Accessibility links

Breaking News

Libi: Fòs Kadhafi yo Repouse Rebèl yo


Libi: Fòs Kadhafi yo Repouse Rebèl yo
Libi: Fòs Kadhafi yo Repouse Rebèl yo

Rebèl yo di yo oblije fè bak e abandone vil Ras Lanouf, (kote ou jwenn anpil enstalasyon petwòl) aprè fòs ki fidèl ak rejim Kadhafi a te rive antre pi pre vil la.

Nouvèl yo rapòte gwo batay kap dewoule nan zòn-nan mékredi 30 mas 2011 la pandan fòs gouvènmantal yo ap atake rebèl yo ak kout mòtye e gwo bonbadman.

Daprè nouvèl yo toujou, yon gwo kantite rebèl pran komyonèt ak pikòp militè pou yo kouri nan direksyon lès.

Madi 29 mas 2011 la, twoup k ap defann Kadhafi yo te rive bloke avans rebèl yo nan direksyon lwès ; pou sa, yo te sèvi ak tank e gwo zam-lou, e se a la debandad rebél yo te kouri kite zòn nan.

Pandan yo t ap kouri a, yo te lanse apèl pou mande sekou nan men kowalisyon alye entènasyonal la.

XS
SM
MD
LG