Akizatè prensipal tribinal Penal entènasyonal la fè konnen biwo li ap prepare dosye pou trennen Seif al-Islam, yon pitit gason defen Moammar Khadafi devan lajistis ansanm ak ansyen chèf espyonaj Libi a, Abdullah al-Senussi.
Luis Moreno Ocampo di efò sa yo sou wout pou asire ke pitit gason Khadafi a, Seif al-Islam rann tét li nan kad yon gwo envestigasyon y ap mennen sou swadizan krim de gè fòs ki an favè Khadafi yo, konbatan revolisyonè yo ak L’Otan ta komèt.
Li ajoute biwo li a ap egzaminen tou, si wi ou non, ansyen chèf espyonaj Abdullah al-Senussi te bay lòd pou vyòl fèt pa bann e pa pakèt pou pèsekitemoun sa yo ke yo te konsidere kòm disidan oubyen rebèl.
Jiskaprezan, pèsonn pa konnen ki kote Seif al-Islam ak Abdullah al-Senussi ye.