Accessibility links

Breaking News

Libi Dispoze Fè Chanjman Politik


Yon rebèl k ap fè jès kot drapo libyen an sou tèt yon machin nan lès Brega 4 avril 2011
Yon rebèl k ap fè jès kot drapo libyen an sou tèt yon machin nan lès Brega 4 avril 2011

Gouvènman Libi a di li dispoze pou fè refòm politik, men li pa okipe lide pou Moammar Khadafi ta sede pouvwa a.

Pòtpawòl gouvènman an, Mussa Ibrahim di Libi dispoze fè chanjman politik, elektoral ou konstitisyonel, men li ajoute ke se Mesye Khadafi ki pou fè tranzisyon an vanse pou pi devan.

Anvan sa, jounal New York Times te rapòte omwen gen 2 pitit gason lidè libyen an ki te pwopoze Mesye Khadafi pou l remèt pouvwa a pou yon tranzisyon a demokrasi konstitisyonèl sou direksyon pitit gason ni, Seif al-Islam Khadafi.

Gen lontan depi obsèvatè yo te wé Seif kòm siksesè Mesye Khadafi anvan mènm rebelyon politik la te kòmanse. Lidè rebèl yo pa okipe lide sa a.

XS
SM
MD
LG