Accessibility links

Breaking News

Libi: Batay yo ap Kontinye ant Patizan ak Opozan Kadhafi


Rebèl yo nan lari a nan Libya
Rebèl yo nan lari a nan Libya

Nan peyi Libi, moun k ap viv nan vil Ras Lanuf (ki pwodui anpil petwòl) pati kite vil sa a pa bann e pa pakèt lendi 7 mas 2011 la (daprè sa obsèvatè di) paske yo pè yon atak patizna fidèl lidè Muhammar Kadhafi kapab lanse yon jou apre yon seri de atak yo te lanse sou kèk lòt vil ki anba men rebèl yo.

Jounalis etranje ki sou plas fè konnen yo wè divès fanmi nan machinn k ap kite vil la e, daprè sa yo konstate, pa tèlmen gen rebèl nan pòs enspeksyon ki nan rejyon an.

Depi nan douvanjou, manm laprès etranje ki te desann nan prensipal otèl vil la, pati kite otèl la aprè anplwaye yo te ba yo avètisman yo pa ka garanti sekirite yo.

Ajans nouvèl yo ekri tou pou di moun kòmanse pati kite yon lòt vil ki rele Bin Jawwad e ki alwès Ras Lanuf.

XS
SM
MD
LG