Accessibility links

Breaking News

Libi: Batay la ap Kontinye ant Rebèl ak Twoup Gouvèmental yo


Rebèl yo nan Libi (AP Photo/Sergey Ponomarev)
Rebèl yo nan Libi (AP Photo/Sergey Ponomarev)

Opozisyon an nan Libi, fè konnen minn eksplozif ki anba tè nan lari vil Brega (kote libyen yo ekspòte petwòl nan pati lès peyi a) fè li vin difisil pou yo gen yon kontwòl total vil sa a, aprè yo fin pase plizyè jou ap goumen ak twoup militè k ap defann rejim lidè libyen an, Moammar Gadhafi.

Daprè sa kòmandan rebèl yo deklare, yo rive fè yon pèse nan mitan twoup gouvènmantal yo e yo fòse pi fò sòlda k ap defann Gadhafi yo kouri kraze rak. Dènye nouvèl yo fè konnen plis pase 40 moun nan tou lè 2 kan yo mouri nan konba yo ki te kòmanse semèn pase a.

Sous medikal ki pwòch rebèl yo rapòte 24 mò ak plizyè dizèn blese ; sepandan pòtpawòl gouvènman an, Moussa Ibrahim, di kantite gason opozisyon an pèdi se yon chif ki plizyè fwa valè rebèl yo bay la. Daprè misye toujou, twoup gouvènmantal yo rive repouse avans rebèl yo.

Avyon-de-gè L’OTAN yo te pote asistans bay rebèl yo ak bonbadman yo fè sou sòlda pwo Gadhafi yo dapre manda Nasyonzini an pou anpeche gouvènman an atake sivil yo.

XS
SM
MD
LG