Accessibility links

Breaking News

Libi: Batay ap Kontinye pou Kontwòl Vil Sirte


Libi: Batay ap Kontinye pou Kontwòl Vil Sirte
Libi: Batay ap Kontinye pou Kontwòl Vil Sirte

Nan Libi, prezidan gouvènman pwovizwa a, Mustafa Abdel Jalil –ki nan tèt Konsèy Nasyonal Tranzisyon an-- fè konnen li espere dènye bastyon moun ki fidèl anvè ansyen lidè peyi a, Mohammar Kadhafi, pral tonbe anvan fen semèn sa a, nan moman goumen ap kontinye nan vil natal Misye Kadhafi a, Sirte.

Pandan Misye Jalil t ap abòde sitiyasyon an dimanch 9 oktòb 2011 la, li deklare konbatan anti-Kadhafi yo fè kèk gwo pwogrè nan Sirte ak vil Bani Walid ki o sidès kapital la, Tripoli. Konbatan kap defann Konsèy Nasyonal Tranzisyon an fè konnen yo mete men dimanch sou lokal Sant Konvansyon vil Sirte la ke patizan Kadhafi yo te konn itilize kòm prensipal baz operasyon yo.

Sirte sitiye sou yon distans 360 kilomèt ak Tripoli e li te sèvi kòm pi gwo sant-dapui gouvènman Kadhafi a. Sa gen 3 semèn deja depi konbatan revolisyonè yo ap eseye antre nan vil sa a.

XS
SM
MD
LG