Accessibility links

Breaking News

Libi: Gen 98 Kandida Pou Prezidansyèl yo


A Libyan man registers to vote inside a polling station in Tripoli, on Nov. 8, 2021.
A Libyan man registers to vote inside a polling station in Tripoli, on Nov. 8, 2021.

Komisyon Elektoral Libi a (HNEC) te anonse ke gen 98 kandida pou eleksyon prezidansyèl yo, pami yo fanm. Tout moun sa yo te soumèt aplikasyon yo pou prezidansyèl la ki ap fet nan mwa Desanm nan.

Imad al-Sayeh, direktè HNEC te deklare ke " yo resevwa dosye pou 98 kandida e tout kandida sa yo te ranpli kondisyon yo epi ki te bay dokiman ki nesesè yo" .

HNEC "ap voye dosye yo bay Pwokirè Jeneral la, Depatman Paspò ak Nasyonalite ak Enfòmasyon Jeneral", pou asire ke kandidati yo respekte lwa elektoral la.

Pami kandida ki pi enpòtan yo gen Seif al-Islam Gadhafi, pitit gason ansyen lidè Muammar Kadhafi, Marshal Khalifa Haftar, ki defakto li kontwole yon pati nan sid Libi, Fathi Bachagha, Abdelhamid Dbeibah.

Sèlman 2 fanm te depoze dosye kòm kandida: Laila Ben Khalifa, 46 lane, prezidan ak fondatè pati Mouvman Nasyonal la, ak Hounayda Al-Mahdi, yon chèchè syans sosyal.

Eleksyon yo pwograme pou 24 Desanm. Plis pase 2.83 milyon Libyen sou yon 7 milyon moun enskri pou vote.

XS
SM
MD
LG