Accessibility links

Breaking News

Libi: Mohammar Kadhafi antere “nan yon tonbo san epitaf e nan yon anplasman sekrè”


Otorite yo di yo antere kadav ansyen lidè dechouke peyi a, Mohammar Kadhafi, nan yon tonbo ki pa gen anyen ekri sou li
Otorite yo di yo antere kadav ansyen lidè dechouke peyi a, Mohammar Kadhafi, nan yon tonbo ki pa gen anyen ekri sou li

Nan Libi, otorite nan Konsèy Nasyonal Tranzisyon ki sou pouvwa a fè konnen yo antere kadav ansyen lidè dechouke peyi a, Mohammar Kadhafi, nan yon tonbo ki pa gen anyen ekri sou li e nan yon anplasman ki rete sekrè.

Daprè otorite yo toujou, yon pitit-gason Misye Kadhafi ki te mouri ansasinen -an palan de Mutassin Kadhafi- avèk ansyen minis defans Abu Bakar Younis, yo tou lè 2 antere tou byen bonè madi 25 oktòb 2011 la nan menm seremoni an.

Depi vandredi pase, yo te ekspoze kadav Mohammar Kadhafi nan yon chanm refrijere nan vil Masrata, kote moun te rete youn dèyè lòt pou yo t al wè kò a.

Pandansetan, yon gwoup defans dwamoun di genyen yon gwo kantite zam ki an sikilasyon e san sekirite nan rejyon ki antoure vil Sirte, kote yo te mete men sou misye Kadhafi semèn pase a.

XS
SM
MD
LG