Accessibility links

Breaking News

Liberasyon Anbasadè Meksiken an o Venezuela


Anbasadè peyi Meksik la nan Venezuela, Carlos Pujalte, ak madanm ni jwenn liberasyon yo apre ravisè te kidnape yo; se youn nan anlèvman gwo ofisyèl ki fèt nan peyi sid-ameriken an.

Responsab venezuelyen yo presize 4 nèg ame te pran anbasadè Pujalte ak madanm ni dimanch vè minwi nan moman yo t ap sòti nan yon resepsyon nan pati nò vil Caracas.

Ravisè yo lage yo kèk èdtan apre nan yon bidonvil. Otorite meksiken yo di anbasadè a ak madanm ni an bòn sante e yo remèsye fòs sekirite Venezuela yo ki te fè gwo efò pou jwenn liberasyon yo.

XS
SM
MD
LG