Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Renouvle Angajman l Anvè Izrayèl


Prezidan ameriken an, Barack Obama, di premye minis izrayelyen Benjamin Netanyahu, k ap vizite Lèzetazini, li pran yon angajman solid konsènan sekirite Izrayèl.
Prezidan ameriken an, Barack Obama, di premye minis izrayelyen Benjamin Netanyahu, k ap vizite Lèzetazini, li pran yon angajman solid konsènan sekirite Izrayèl.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, di premye minis izrayelyen Benjamin Netanyahu, k ap vizite Lèzetazini, li pran yon angajman solid konsènan sekirite Izrayèl. Sepandan, li di toujou gen tan ki rete toujou pou jwenn yon solisyon pasifik nan pwoblèm nikleyè Iran an.

Pandan li t ap pale ak laprès nan lamezon blanch anvan yon chita-pale an prive ak premye minis Netanyahu, Prezidan Obama presize li pa akseptab pou yon yon peyi ki posede zam nikleyè lanse apèl pou detwi eta jwif la.

Lèzetazini genyen yon kokenn enterè nan anpeche Iran posede yon zam nikleyè. Nou pa vle wè yon kous nikleyè nan youn nan rejyon ki pi enstab nan lemond. Nou pa vle tande pale de posiblite pou zam atomik ta al tonbe nan men teworis. Nou pa vle yon rejim ka p soutni teworism jwenn kapasite pou l aji ak plis agresivite oubyen avèk enpunite, paske li posede puisans nikleyè.

Mesye Obama dekri angajman Lèzetazini anvè sekirite Izrayèl kòm yon angajman ki solid menm jan ak yon wòch. Sepandan, li di moun ta dwe bay sanksyon yo ak lòt presyon k ap fèt kont Iran plis tan pou pote rezilta, malgre tout lòt opsyon yo rete sou tab la toujou.

Prezidan Obama di: "Menm lè n ap kontinye sou wout diplomatik la, nou pral kontinye fè presyon pi sere atravè sansyon yo, e nou rezève dwa pou n itilize tout opsyon ki nesesè yo. E politik mwen adopte a, se pa yon politik pou kontwole dega yo, politik mwen an chita sou anpeche Iran posede zam nikleyè. Tankou mwen te endike sa nan diskou mwen te fè yè a, kote mwen te di tout opsyon yo rete sou tab la, enben se egzakteman sa mwen te vle di."

Bo kote pa l , premye minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu apresye alyans ki egziste ant Lèzetazini ak Izrayèl la, paske dapre li 2 nasyon yo ak fè fas ak yon lenmi komen, ki se Iran. Sepandan, li mete aksan sou dwa eta jwif la genyen pou defann tèt , e kontinye dirije pwòp desten li.

Premye minis Netanyahu di : "Izrayè dwe gen kapasite pou l defann tèt li pou kont li kont nenpòt ki menas , lè sa gen pou wè ak sekirite peyi a. Izrayèl gen yon dwa souvren pou pran pwòp desizyon pa li.Men kwè mesye le prezidan ou apresye lefèt ke Izrayèl rezève dwa pou l defann tèt li."

Chita-pale nan lamezon blanch la entèvni, nan moman chèf ajans entènasyonal pou enèji atomik Nasyon-Zini eksprime kè sote ajans la konsènan posiblite pou pwogram nikleyè repiblik islamik la ta genyen yon dimansyon militè.

XS
SM
MD
LG