Lèzetazini fè sèman li pral chache mete men sou nouvo lidè rezo teworis al-Kaida, Ayman al-Zawahri, epi touye misye menm jan li te mete men sou nèg ki te dirije rezo a anvan al-Zawahri a, an palan de Osama bin Laden ki te pèdi lavi l anba men yon kòmando sòlda ameriken.
Kòmandan Wo Eta Majò Lame amerikèn nan, amiral Mike Mullen, pran angjaman sa a jedi 16 jen 2011la e li fè konnen Ayman al-Zawahri –yon chirijyen ejipsyen ki te kite pwofesyon n pou l tounen yon lidè teworis-- ta dwe atann ni aske li sibi menm sò ak bin Laden.
Yon kòmando delit lame amerikèn nan te touye Osama bin Laden nan peyi Pakistan nan kòmansman mwa me pase a.