Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Konsidere Oganizasyon Militan Balouchistan nan Pakistan Kòm yon gwoup Teworis


Militè pakistanè ki sou plas Konsila Lachin nan kote bandi te atake l 23 novanm 2018.
Militè pakistanè ki sou plas Konsila Lachin nan kote bandi te atake l 23 novanm 2018.

Lèzetazini konsidere yon gwo òganizasyon militan nan Pakistan kòm yon gwoup kap komèt zak teworis patou nan lemond. Gwoup sa a, ki rele Lame Liberasyon Balouchistan, abitye lanse atak ki touye anpil moun sou objektif lokal nan Pakistan e nan lòt peyi nan rejyon Azi di Sid la.

Otorite yo nan Islmabad byen akeyi desizyon an e yo envite sitwayen ameriken pou yo pa antre nan okenn tranzaksyon avèk gwoup la, tandiske yo bloke tout byen, tout avwa Fwon Liberasyon Balouchistan an.

XS
SM
MD
LG