Accessibility links

Breaking News

Nouvo Objektif Lèzetazini nan Lit kont Chanjman Klimatik yo


Prezidan Joe Biden pandan li t ap prezante mesaj li nan okazyon somè vityèl sou chanjman klimatik yo, jedi 22 avril 2021 an.
Prezidan Joe Biden pandan li t ap prezante mesaj li nan okazyon somè vityèl sou chanjman klimatik yo, jedi 22 avril 2021 an.

“Le mond dwe reyisi nan lit pou rezoud kriz ki menase egzistans lòm nan epòk n ap viv la.”

Avèk deklarasyon sa a prezidan ameriken an, Joe Biden, anonse yon nouvo objektif nan kad efò Lèzetazini ap fè pou l koupe sou emisyon gaz k ap polye atmosfè a de 50 a 52% vè l’an 2 mil 30 nan moman li t ap inogire, jedi 22 avril 2021 an, yon somè vityèl 2 jou sou chanjman klimatik yo avèk patisipasyon plizyè douzèn lidè mondyal. Lidè ameriken an ajoute:

“Nou twouve nou nan yon deseni kote nou dwe pran desizyon ki pral evite pi move konsekans kriz klimatik la kapab genyen.” Misye Biden lanse apèl bay dirijan lòt peyi yo –espesyalman lidè pi gwo ekonomi mondyal yo- pou l mande yo redouble efò y ap fè pou yo konbat chanjman klimatik yo.

Premye Minis britanik la, Boris Johnson, fè konpliman pou anons Prezidan Biden fè a; li konsidere mesaj lidè ameriken an kòm yon gwo chanjman nan pozisyon Lezetazini. Daprè li, chanjman sa a “pral genyen yon enpak tranfòmatè sou lit mondyal k ap dewoule kont chanjman klimatik yo.”

Bò kote pa l, John Kerry, anvwaye espesyal administrasyon Biden nan pou afè klimatik, deklare:

“Objektif la reyalizab. Eske nou ka fè plis ke sa toujou? Mwen espere sa. Eske objektif sa a ase? Non. Men se pi bon bagay nou ka fè jounen jodi a.”

Anvwaye espesyal Lèzetazini pou kesyon klimatik, John Kerry. (Foto achiv).
Anvwaye espesyal Lèzetazini pou kesyon klimatik, John Kerry. (Foto achiv).

Misye Kerry fe deklarasyon sa a pandan li t ap reponn kesyon laprès ki te mande li detay sou objektif Prezidan Biden anonse nan kòmansman somè vityèl la.

Objektif Lèzetazini an gen rapò ak nivo polisyon peyi yo te fikse nan ane 2005. La Mezon Blanch fe konnen travay pou reyalize objetif sa a gen ladan l, antwòt, efò pou kreye elektrisite san itilizasyon kabòn ki bay polisyon, ranfòse efikasite machin ak kamyon ki mache ak gaz yo, apiye metriz kabòn nan enstalasyon endistriyèl yo, epi redui itilizasyon metàn.

Nan sesyon ki dewoule jedi a, 2 peyi ki gen pi gwo popilasyon nan lemond yo, Lachin ak Lend, pa pran okenn nouvo angajman pou yo konbat chanjman klimatik yo; sa ki reprezante yon desepsyon pou òganizate somè a ak militan anviwonnmantalis yo.

XS
SM
MD
LG