Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Arete Plis pase 2000 Endividi Nan Kad Yon Ankèt Sou Katèl Dwòg Meksiken yo


Minis jistis Etazini an, Eric Holder, anonse otorite yo arete plis pase 2mil moun nan kad yon ankèt ki te dire 22mwa. Envestigasyon sa a li dekri kòm envestigasyon pi long ak pi efikas te santre sou Meksiken ki mele nan trafik dwòg Ozetazini.

Daprè Mr.Holder, envestigasyon sa a se rezilta arestasyon 2,266 moun ki te pèmèt otorite yo sezi $150 milion dolla ameriken. Ofisièl yo te jwenn tou 2,5 tòn kokayin, 69 tòn marijuana ak plis pase yon tòn métaphétamine ak Ewoyin ansanm avèk plizyè santèn zam ak otomobil. Li ajoute gen yon lòt envestigasyon yo pral menen sou lanmò jèn sa a. Holder deklare operasyon sa a pral jennen manèv katèl dwòg yo ansanm ak kapasite trafikan yo pou voye dwòg Ozetazini. "Operasyon sa a pote katèl yo yon gwo kou, dapre minis jistis Etazini an. Holder di pa twonpe tèt nou, nou konnen menm lè operasyon an se te yon reyisit, se jis yon batay nou ranpòte nan lagè dwòg la k'ap rapousib.

Lèzetazini ak Meksik ogmante efò yo pou yo konbat trafikan dwòg yo k'ap mennen anpil biznis Ozetazini. Nan Meksik, plizyè milye kretyen-vivan pèdi lavi yo nan vyolans ki makònen ak dwòg pandan ane ki sòt pase yo.

Misye Holder tou pwofite tou okazyon an pou eksprime kondoleyans li pou lanmò yon adolesan ke yon patwouy fwontiè ameriken te tire nan semèn nan.

XS
SM
MD
LG