Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini ap Voye Yon Delegasyon Asiste Envestiti Michel Martelly Samdi 14 Me 2011


"Prezidan ameriken an, Barack Obama, anonse mèkredi 11 me 2011 la administrasyon n nan ap voye yon delegasyon ofisyèl asiste seremoni envestiti pwochen prezidan peyi Dayiti a, Michel Joseph Martelly, nan dat 14 me 2011 la. Son Ekselans Williams Jefferson Clinton, 42è. Prezidan Lèzetazini, pral dirije delegasyon an k ap gen ladan n tou:

-Honorab Kenneth H. Merten, anbasadè ameriken nan Repiblik Dayiti;

-Misye Thomas C. Adams, kowòdonatè espesyal pou Afè Ayiti nan Depatman Deta a."

Sete yon nòt pou laprès ki sòti nan La Mezon Blanch e ki anonse Prezidan Obama pral voye yon delegasyon ofisyèl asiste seremoni envestiti Michel Joseph Martelly kòm nouvo Prezidan Dayiti samdi 14 me k ap vini la a.

XS
SM
MD
LG