Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Anile Viza Anbasadè Venezuela a nan Washington


Lèzetazini anile viza anbasadè Venezuela a nan Washington apre Caracas rejte nominasyon anbasadè ameriken an nan Venezuela.

Otorite amerikèn yo pran desizyon pou revoke viza dantre anbasadè Bernardo Alvarez mèkredi 29 desanm 2010 la . Apre yo anile viza anbasadè venezuelyen an , responsab nan Depatman Deta Ameriken yo deklare “ Lèzetazini pran aksyon apwopriye, kif-kif e pwopòsyonèl”.

Nan madi 28 desanm 2010 la, gouvènman Hugo Chavez la te fè konnen yo pap aksepte Larry Palmer kòm anbasadè Etazini nan peyi a. Depatman deta te di, desizyon Venezuela pran pou l rejte nominasyon Larry Palmer a, kapab genyen move konsekans sou relasyon ant 2 peyi yo.

XS
SM
MD
LG