Accessibility links

Breaking News

Lewandowski, Haaland, Benzema ak Mbappé nan Kous la Pou Prim Fifa The Best


Italy Soccer Fifa Best Awards
Italy Soccer Fifa Best Awards

Robert Lewandowski, Erling Haaland, Karim Benzema ak Kylian Mbappé pami 11 jwè ki resevwa nominasyon pou prim Fifa The Best, ansanm ak gayan Euro a ak Lig chanpyon an, milye teren Italyen an Jorginho.

Lewandowski, ki te genyen prim sa ane pase, jwenn preseleksyon anesa tou. Kevin de Bruyne nan lis la tou ak tout atakan peyi Lejip la Mohamed Salah ak vedèt brezilyen Neymar.

Avek on vòt sou entènèt "fanatik foutbòl yo" pral chwazi ganyan yo, jiska 10 desanm a minwi.

Twa finalis yo nan chak kategori yo pral anonse "bonè janvye 2022" epi seremoni prim lan pwograme pou 17 janvye nan Zurich.

XS
SM
MD
LG