Accessibility links

Breaking News

Lèt tou Louvri an Favè Retou Ansyen Prezidan Aristide


Lèt tou Louvri an Favè Retou Ansyen Prezidan Aristide
Lèt tou Louvri an Favè Retou Ansyen Prezidan Aristide

Yon seri pèsonalite entènasyonal enpòtan ki te patisipe, nan ane 80 yo, nan efò pou mete fen nan sistèm apartheid la nan peyi Afrik di Sid, fè parèt yon lèt tou louvri yo voye bay pezidan sid-afriken an, Jacob Zuma, avèk espwa li va kapab ede ansyen prezidan ayisyen Jean Bertrand Aristide, k ap viv nan Afrik di Sid, retounen ann Ayiti le pli to posib.

Pami pèsonalite ki siyen lèt tou louvi sa a, genyen:

-Fondatè Forom Trans-Africa, Randall Robinson,

-Reveran pastè Jesse Jackson

-Aktè nwa-ameriken Danny Glover

-Palmantè britanik John McDonnell

-Militan e komedyen ameriken Dick Gregory,

-Jack Healey, ki se fondatè e direktè Sant Daksyon Pou Defans Dwa-Moun

-Epi Selma James, ki se vèv ekriven byen konu C.L. James, otè youn nan liv ki pi enpòtan sou Revolusyon ki te debouche sou endepandans peyi Dayiti, “Les Jacobins Noirs”.

Lèt tou louvri pèsonalite sa-yo voye bay prezidan sid-afriken an, Jacob Zuma, di antwòt:

"Byen estime Prezidan Zuma:

Nou ekri w pou n di kijan nou remèsye ou pou gwo jenerozite ak ospitalite istorik gouvènman sud-afriken an ak pèp Afrik di Sid la ofri Prezidan Jean Bertrand Aristide ak fanmi li pandan 7 ane ki pase yo. Volonte Afrik du Sud pou l mete yon fwaye a la dispoziyon La fannmi Aristide depi kou deta 2004 la, sete yon aksyon imanitè, ki ann akò ak anpil aksyon solidarite entènasyonal Afrik di Sid te benefisye pandan li te sou wout pou l jwenn libète l. E ospitalite li bay lafanmi Aristide-la se yon aksyon Ayiti ak lemond gen pou sonje

Finalman jounen jodiya La Fanmi Aristide kapab retounen ann Ayiti, e egzil li a kapab pran fen. Finalman se tout bagay ki montre retou a posib. Prezidan Aristide fè konnen, yon fwa ankò, dezi li pou l retounen lakay li pou l ede pèp ayisyen an. Li deja pare pou l ale nenpòt ki lè, e se an eskprès yo te prepare yon paspò pou li. Tout obstak ki te bare wout retou a, yo tout leve ; long atant pèp ayisyen-an ap fini ; e se ak gwo espwa anpil moun pare pou yo wè retou sa a reyalize. Arive Lafanmi Aristide ann Ayiti va leve moral pèp ayisyen-an nan moman kote pèp-la plis bezwen sa.

An tan ke patizan libète ak lajistis nan Afrik du Sud ak Ayiti depi lontan deja, nap eksprime, yon fa ankò, rekonesans-nou pou wòl enpòtan Afrik du Sud jwe kòm peyi ki resevwa Lafanmi Aristide lakay li. An plus de sa, nou apiye ak tout fòs efò gouvènman sud-afriken-an ap fè pou l ede Prezidan Aristide ak fanmi li retounen nan peyi yo anvan lontan. Nou espere nou va wè Prezidan Aristide ann Ayiti trè byento."

Sou dosye sa a, nap raple pozisyon gouvènman ameriken an ki di li pa gen pwoblèm pou ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide retounen nan peyi li. Sepandan, yon ofisyèl nan Depatman Deta a ki t ap fè kòmantè sou posiblite sa a sa pa gen lontan, te di, nan moman Ayiti twouve l nan yon peryòd elektoral, retou sa a t ap reprezante yon veritab distraksyon pou pèp la ; kidonk, daprè ofisyèl sa a, li ta pi bon pou retou a fèt aprè dewoulman 2èm tou eleksyon yo ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG