Accessibility links

Breaking News

Lemond Kontinye Reyaji Sou Sitiyasyon an nan Libi


Lemond Kontinye Reyaji Sou Sitiyasyon an nan Libi
Lemond Kontinye Reyaji Sou Sitiyasyon an nan Libi

Lafrans ak Grande Bretay mande patnè l’Otan yo fè plis pou pwoteje sivil libyen yo nan moman fòs gouvènman an ap bonbade Misrata ak vil Adjabiya ki nan lwès ak nan lès Libi.

L’Otan ap fè respekte yon zòn entèdiksyon kote avyon pa gen dwa vole nan espas aeryen Libi ke Nasyonzini dekrete e li mennen plizyè atak aeryen kont sib gouvènman libyen an. Minis afè etranje Lafrans lan, Alain Juppé di Radio France, Alyans lan dwe fè plis pou detwi asnal zam lou lidè libyen an, kolonèl Muammar Kadhafi.

Sepandan, brigadye jeneral Mark Van Umh di jounal Associeted Pres “li panse Alyans lan reyalize yon gwo travay lè li konsidere ekipman li genyen aladispozisyon li.

Yon responsab Depatman Deta di Wasgington apiye efò l’Otan.

Sekretè Foreing Office britanik la, William Hague, egzòte peyi Alyans lan ogmante kantite avyon kap patisipe nan operasyon an, jan Grann Bretay deja fè l.

Objektif zòn entèdiksyon aeryen-an se pwoteje sivil yo kont atak Fòs gouvènman yo madi 12 avril 2011 la kote ap pilonnen vil Misrata ki anba men rebèl yo ak kout-zam (kout wokèt); temwen fè konnen genyen moun ki pèdi lavi yo.

Gwo batay ap dewoule nan Ajdabiya— sèl dènye gran vil ki sou wout bastyon rebèl ki nan rejyon lès la, Benghazi.

XS
SM
MD
LG