Accessibility links

Breaking News

Presyon Minis Edikasyon Ameriken an, Betsy DeVos, Pou Lekòl yo Ouvè nan Kèk Semèn


Minis Betsy DeVos pandan yon pwendprès La Mezon Blanch te òganize nan Depatman Edikasyon an, nan Washington, D.C., mèkredi 8 jiyè 2020 an.
Minis Betsy DeVos pandan yon pwendprès La Mezon Blanch te òganize nan Depatman Edikasyon an, nan Washington, D.C., mèkredi 8 jiyè 2020 an.

Minis Edikasyon Lèzetazini an, Betsy DeVos, mete presyon sou rejyon lokal yo nan peyi a, nan jounen dimanch 12 jiyè a, pou yo relouvri lekòl yo 5 jou pa semèn epi ofri kou pou elèv ak etidyan vin suiv nan klas yo pèsonèlman. Madam DeVos presize ke reyouvèti a dwe fèt nan semèn k ap vini yo e li ensiste pou l di yon aksyon konsa pa gen pyès danje ladan l menmsi kantite nouvo ka kowonaviris yo rekòmanse monte apik pou yo bat kèk nouvo rekò.

Minis Devos, ki t ap patisipe nan pwogram enfòmasyon chèn televizyon Fox News avèk CNN, di li pa dakò avèk konsèy espesyalis lasante yo, otorite gouvènman eta yo ak gouvènman lokal yo bay kote yo lanse yon pinga kont lide pou lekòl yo rekòmanse prezante kou nan sal de klas yo pou elèv ak etidyan al suiv fizikman, yon bagay ki pa fèt jeneralman depi mwa mas pase a nan moman pandemi kowonaviris la ap fè pwogrè atravè tout peyi a. Jounen jodi a Lèzetazini anrejistre 60 mil nouvo ka enfeksyon oubyen plis ke sa toujou chak jou; e pandan 2 zou 3 jou nan semèn ki pase a, souvan chif la sete yon nouvo rekò.

Minis DeVos di CNN:

“Li nesesè pou lekòl yo gen timoun ladan yo. Lekòl yo fèt pou ouvri pòt yo.”

Sepandan minis la di, nan kominote kote yo anrejistre yon ogmantasyon nan kantite moun ki gen grip yo, otorite yo pral pèmèt lekòl yo prezante kou yo sou entènèt la pandan kèk jou. Li ajoute: “Kote ogmantasyon kantite ka yo monte apik, nou va jere sa kòmsadwa.”

Sepandan, Fondasyon Fanmi Kaiser, yon gwoup rechèch sou swen sante, lanse yon avètisman ki di reyouvèti lekòl yo pou elèv al suiv kou nan sal de klas yo, se yon bagay ki ka mete lavi pwofesè yo an danje. Daprè gwoup la, anviwon yon milyon 500 mil pwofesè –swa ¼ nan tout pwofesè Ozetazini- reprezante segman popilasyon an k ap “kouri pi gwo risk pou yo pran yon maladi grav si yo trape viris KOVID-19 la”, akoz laj yo oubyen eta sante pèsonèl yo.

XS
SM
MD
LG