Accessibility links

Breaking News

Yon Foutbolè Pwofesyonèl Ayisyano-Ameriken ap Ede Edikasyon ann Ayiti


Chemen lekòl se chemen siksè nan lavi.
Chemen lekòl se chemen siksè nan lavi.

Daprè yon nouvèl NFL (Lig Nasyonal Foulbòl Ameriken an) konfime e ki pase nan jounal Sports Xchange, jwè pwofesyonèl Marcell Daréus, ki jwe defans nan ekip Jacksonville Jaguars apre li te jwe nan menm pozisyon an pou ekip Buffalo Bills, te ale ann Ayiti semèn pase a pou l asiste seremoni lansman konstrikson 3 sal de klas nan yon lekòl ki pral pote non li.

Misye Daréus, ki gen 28 tan, bay yon don $125.000.00 (125 mil dola) atravè yon fondasyon li genyen pou finanse konstriksyon an. Nan yon entèvyou li bay jounal “The Florida Times-Union”, li fè konnen anpil emosyon te envayi li lè li te wè reyaksyon moun yo ann Ayiti pandan vizit li a. li fè deklarasyon sa a:

<< Le fèt ke ou bay lajan pou yon pwojè epi ou espere yon bon bagay ka sòti nan sa, se yon bagay; men se yon lòt bagay totalman diferan lè ou konstate rezilta efò ou epi ou wè kijan non sèlman timoun yo, men tout kominote a manifeste rekonesans yo pou travay wap fè pou yo a. >>

"Le ou resevwa konsantman yo pou sa wap fe a, le ou tande direkteman deklarasyon yo fe pou yo di yo apresye efo ou, se yon bagay mwen pa tp janm ka imajine sa gen kek ane. Rekonesans ak kontantman yo te ban m yon emosyon ki depase limit; sa montre mwen ke sa map fè a pral genyen bon jan konsekans sou lavi yo.>>

An plis lajan Marcell Daréus pral bay pou finanse pwojè lekòl la, li ofri tou pou l peye pwofesè yo epi bay tout materyèl lekòl la ap bezwen pou l fonksyone.

Foutbolè a te vizite Ayiti pandan 2 sezon vakans afile pou l te ka rekonnekte avèk peyi natal defen papa li, epi rebay nasyon an sa li panse Ayiti te ba li atravè asosyasyon li avèk yon òganizasyon ki rele "Hope for Haiti."

Jounal Sports Xchange raple yon tranblemanntè te devaste Ayiti an 2010, epi an 2016 li ta pral sibi gwo dega ankò pandan pasaj Siklòn Matthew ki te pote avèk li van ki t ap soufle a 145 mil a-lè ( swa plis pase 200 kilomèt alè). Nan entèvyou Marcell Daréus bay jounal la, li ajoute:

<< Mwen te pwomèt manman mwen ke mwen ta pral apiye Ayiti nenpòt kijan mwen kapab; ebyen, jounen jodi a map itilize platfòm mwen an pou m k akenbe pwomès mwen an. Ayiti se yon bèl peyi, li gen yon pèp ekstwòdinè avèk, ti moun, avèk jèn moun ki merite jwenn sipòtè pou ede yo. Mwen vle asire m ke mwen fè tout sa m kapab pou m voye yo monte.

<< Sa se sèlman kòmansman sa nou vle reyalize isit la. Mwen gen plan pou m retounen apre pwochen sezon foutbòl la pou m ka wè lekòl tou nèf la avèk 2 je m epi deside kisa mwen ka fè anplis pou m kontinye bati yon eritaj plen espwa, plen esperans pou Ayiti. >>

Batiman yo pral ajoute nan lokal lekòl la, e k ap genyen 3 sal de klas, pral rele “Batiman Marcell Daréus” nan Lekol Primè Kris-Wa nan Cammy.

XS
SM
MD
LG