Lavwad Lamerik ap komemore jodi mèkredi premye fevriye a 70èm anivèsè fondasyon li. Se premye fevriye 1942, Radyo a te premye antre nan lè a ak yon pwogram nan lang alman pou ede kontrekare pwopagann Almay Nazi a.
Nan entwodiksyon premye pwogram nan, anonsè a te di oditè yo : "nouvèl yo ka bon, nouvèl yo kapab pa bon ; men kwakilanswa n ap toujou di w laverite."
E depi 70 zan nou pa janm kite deviz sa a : ki se di oditè yo La Verite. Direktè Lavwadlamerik la, David Ensor te pran lapawòl nan oditoryòm stasyon an, nan biwo santral la nan Washington.
Misye Ensor souliyen enpòtans radyo kontinye genyen nan lavi plizyè milyon moun sou planèt la malgre popilarite kominikasyon san fil, tankou miltimedya, entènèt, twitter ak facebook.
"Radyo Popilè. Pa genyen diskisyon sou sa. Radyo jounen jodi-a reprezante toujou 57 pousan oditè nou atravè lemond. Ann Afrik li kouvri 90 pousan oditwa nou sou kontinan an. Ond kout rete enpòtan anpil pou Lavwadlamerik sou mache enpòtan yo.
Kounye a, prezans radyo Djanm. Li pral kontinye genyen yon prezans solid nan lavni. Nou dwe aji ak entelijans pou sa ki konsène kominikasyon radyo. E nan pi fò peyi, sa vle di eseye tabli, lè nou kapab, patenarya ak estasyon radyo lokal ---estasyon enpòtan yo--- ki pra l retransmèt pwogram nou yo sou bann FM nan."
Bo kote pa’l, chèf sèvis kreyol la, Ronald César ki te patisipe nan selebrasyon anivèsè kreyasyon Lavwad Lamerik la, te santre atansyon sou travay sèvis l ap dirije a ap fè nan direksyon peyi Dayiti e sou pousantaj odititè ki depann de nou pou nouvèl ak enfòmasyon.
"Gen 62% nan popilasyon adilt la ann Ayiti ki itilize sèvis kreyòl la Lavwad-Lamerik la pou tande nouvèl, sèvis la pote kole ak oditè nou genyen ann Ayiti atravè pwogram lib tribin nou difize chak semèn ak rankont stil anba tonèl nou fè avèk yo. Tout manm staff sèvis la pa gen pwoblèm pou franchi kilomèt an plis la pou oditè nou yo."
Ni Misye Ensor ni mesye Cesar te pran lapawòl nan okazyon komemorasyon 70èm anivèsè fondasyon Lavwa Lamerik nan dat premye fevriye 1942.
Sèvis Kreyol la se youn pami kèk sèvis k ap vale teren nan Lavwad Lamerik pandan selebrasyon premye fevriye a.