Accessibility links

Breaking News

Konsèy sou Kowonaviris - Kisa pou W Fè Si Yon Moun Lakay ou Malad?


Fanm k ap patisipe nan yon kanpay pou motive moun antre nan lit kont pwopagasyon maladi KOVID-19 la.
Fanm k ap patisipe nan yon kanpay pou motive moun antre nan lit kont pwopagasyon maladi KOVID-19 la.

Konsèy Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) pou ede piblik la konnen kijan pou l konpòte l pandan peryòd kowonaviris la.

Kesyon jodi a se: Kisa pou m fè si mwen-menm oubyen yon moun k ap viv lakay mwen tonbe malad ak KOVID-19 la, malad kowonaviris l bay la?

Ebyen, pi fò moun ki trape KOVID-19 kapab refè lakay yo san yo pa ale lopital. CDC genyen konsèy pou moun k ap refè lakay yo avèk moun k ap pran swen yo. Pami konsèy sa yo genyen:

1.- Rete lakay ou si w malad. Si w sòti, se sèlman pou w resevwa swen medikal;

2.- Itilize yon chanm ak yon twalèt separe, si sa posib, pou yon moun ki malad nan kay la;

3.- Lave men w souvan avèk savon, ak dlo pandan omwen 20 segond, espesyalman apre w fin mouche nen w, ou fin touse oubyen etènye; apre w sòt nan twalèt, epi anvan w manje oubyen fè manje;

4.- Si w pa genyen savon ni dlo a la dispozisyon w, sèvi ak alkòl oubyen pwodui sanitè ki genyen omwens 60% alkòl ladan n; toujou lave men w ak dlo, ak savon si w wè yo sal;

5.- Fè moun ki malad nan kay la jwenn kachne jetab pou yo mete sou figi yo nan kay la, si genyen, yon fason pou anpeche malad la pase KOVID-19 la bay lòt moun;

6. Toujou netwayen byen netwaye chanm ak twalèt moun malad la; fè sa kòmsadwa pou evite kontak ki pa nesesè avèk malad la.

Sepandan, gen moun ki ka bezwen resevwa swen medikal dijans. Alòs, se pou nou suiv moun sa yo avek anpil atansyon pou n detekte sentòm yo lakay yo epi konnen kilè nou dwe mennen yo nan yon sal dijans.

XS
SM
MD
LG